
Top 5 meyè lojisyèl pou w fè montaj videyo
- enfomatisyenkonple
- 8 oct. 2021
- 1 min de lecture
Dernière mise à jour : 8 oct. 2021
Top 5 meyè lojisyèl pou w fè montaj videyo
Hitfilm express
Li konpatib pou Mac e windows, li gratis li gen anpil fonksyonalite avanse tankou yon lojisyèl pwofesyonèl.
4) Imovie
li disponib selman sou Mac ak IOS ou pap ka itilize l sou Windows, se yon lojisyèl montaj video ke Apple devlope, li entwitif, li pèmèt ou òganize, Monte, modifye ak pataje video.
3)Final Cut pro X
Se yon lojisyèl montaj videyo vityel edite pa Apple. Animasyon a 360° li pran an chaj 4K HDR, li gen outi avanse reglaj kolorimetrik, se youn nan bon lojisyèl montaj video.
2) After Effects Cc
Nou tout konnen deja sa after effects cc
reprezante nan domèn sa se sosyete adobe systems ki kreyel, li Vin lojisyèl animasyon, konpozisyon de referans, ou ka kreye tit, entwodiksyon, tranzisyon sinematografik, ou menm ki renmen fè montaj videyo ou ka itilize lojisyèl sa a,li trè bon li anime logo, ak pèsonaj.
1) Adobe premiere pro cc
Adobe premiere pro cc se meyè lojisyèl montaj videyo ki gen sou mache a, anpil pwofesyonèl itilize l, anpil gwo reyalizatè, youtoubè, videyas, ak dizaynè nenpot moun ou ye a swa debitan, oubyen ekspè ou ka Monte, regle koulè, amelyore son ak anpil lot bagay ankò.
Se pa pou granmesi li se nimewo 1 sou mache a.
Si w gen yon sijesyon ou ka fel nan yon komantè.
Kiyes ou pi renmen?
Pwochèman nap pote pou ou top 5 lojisyèl gratis pou montaj videyo ak top 5 meyè lojisyèl peyan montaj videyo.




Commentaires